Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 22:53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

53 Li sèvi Baal, li adore l tankou papa l te fè a. Se konsa li te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.

参见章节 复制




1 Wa 22:53
14 交叉引用  

Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”


Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.


Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.


“Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”


Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”


Li te fè mal nan zye SENYÈ a, malgre, se pa tankou papa li avèk manman li. Paske li te retire pilye sakre a Baal ke papa li te fè a.


Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a.


Apre sa, Josaphat, wa Juda a te fè alyans avèk Achazia, wa Israël la. Li te aji mal nan fè bagay sa a.


Konsa, yo te pwovoke Li a lakòlè ak zèv yo. E yon epidemi te kase vin parèt nan mitan yo.


Yon pèp ki pwovoke M tout tan nan figi M, k ap ofri sakrifis nan jaden yo e k ap brile lansan sou brik yo;


Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.


跟着我们:

广告


广告