Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 22:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

43 Jozafa li menm te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa l te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pat sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo.

参见章节 复制




1 Wa 22:43
25 交叉引用  

Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt.


Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.


Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo.


Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, sof ke ka a Urie a, Etyen an.


Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a.


Menpèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo.


Sèlman, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.


Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’


Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”


Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.


Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a.


Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.


Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.


A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.


Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”


Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l, men yon mokè pa koute repwòch.


Pa vire ni adwat ni agoch; fè pye ou vire kite mal.


跟着我们:

广告


广告