Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 22:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flank li yon souflèt. Epi li di l: — Depi kilè lespri Bondye a kite m pou se nan bouch ou l'ap pale a?

参见章节 复制




1 Wa 22:24
16 交叉引用  

Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”


Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la. Kite li ranpli ak repwòch.


Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.


Yo te di: “Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”


men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou.


Epi kèk te kòmanse krache sou Li, e bat Li avèk kout pwen. Yo t ap di L: “Pwofetize!” Ofisye yo te fwape L ak kalòt nan figi.


“Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou.


“Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.


Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou frape l sou bouch li.


Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”


跟着我们:

广告


广告