Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 21:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Sila ki apatyen a Achab, ki mouri nan vil la, chen va manje yo e sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Chen pral manje kadav tout moun nan fanmi Akab ki va mouri anndan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav tout moun nan fanmi an ki va mouri andeyò limit lavil la.

参见章节 复制




1 Wa 21:24
9 交叉引用  

Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’


Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”


Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li:


Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, kraze foule ak pye.


“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.


Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”


pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”


跟着我们:

广告


广告