Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 21:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Lèfini, jwenn de vakabon, fè yo vin kanpe devan l pou yo akize l. Y'a di li derespekte Senyè a ansanm ak wa a. Lè sa a, n'a pran Nabòt, n'a trennen l andeyò limit lavil la, n'a kalonnen l wòch jouk li mouri.

参见章节 复制




1 Wa 21:10
18 交叉引用  

Alò, te gen yon sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: “Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”


Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo.


Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la.


Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”


Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.


Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.


Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.


Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.


“Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch.


Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”


Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.


Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa.


ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo),


“Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.


Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”


Alò, fis a Éli yo te vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a,


跟着我们:

广告


广告