1 Wa 20:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen40 Pandan sèvitè ou a te okipe pa isit e pa la, li te vin disparèt.” Epi wa Israël la te di li: “Se konsa jijman ou ap ye; se ou menm ki deside li.” 参见章节1998 Haïtienne40 Men, monwa, pandan m okipe ap fè lòt bagay, prizonye a sove. Wa Izrayèl la di l konsa: — Se ou menm ki kondannen tèt ou, lèfini ou tou di sa ou gen pou peye pou sa ou fè a! 参见章节 |
Pandan wa a t ap pase, li te kriye a wa a e te di: “Sèvitè ou a te antre nan mitan batay la; epi tande byen, yon nonm te vire akote pou te mennen yon mesye kote mwen e li te di: ‘Veye nonm sa a; si pou nenpòt rezon li vin disparèt, alò lavi ou va peye pou lavi pa li, oswa ou va peye yon talan ajan.’