Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 20:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Ben-Hadad te di li: “Vil ke papa m te pran nan men papa ou yo, mwen va remèt yo e ou va fè ri yo pou ou menm nan Damas, tankou papa m te fè nan Samarie a.” Achab te di: “Epi mwen va kite ou ale avèk akò sila a.” Konsa, li te fè yon akò avèk li e te kite li ale.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Bennadad di li: — M'ap renmèt ou tout lavil papa m te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m te fè l lavil Samari. Akab reponn li: — Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m, mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l al fè wout li.

参见章节 复制




1 Wa 20:34
12 交叉引用  

Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, Dan, Abel-Beth-Maaca, tout Kinneroth la ak tout teritwa Nephtali a.


Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” Epi li te di: “Ale, mennen li.” Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a.


Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’”


Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”


Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo.


Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”


Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.


“Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li.


epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.


Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”


Li te kaptire vivan Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe.


Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.


跟着我们:

广告


广告