Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 20:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” Epi li te di: “Ale, mennen li.” Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Moun Bennadad yo pran sa pou yon bon siy, yo repete pawòl ki te fenk sot nan bouch wa a, yo di l konsa: — Bennadad, se frè monwa! Akab reponn: — Al chache l mennen ban mwen! Bennadad sòti kote l te ye a, li parèt devan Akab, Akab fè l moute sou cha pa l ansanm avè l.

参见章节 复制




1 Wa 20:33
7 交叉引用  

Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:


Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: “Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’” Epi li te di: “Èske li toujou vivan? Li se frè m.”


Ben-Hadad te di li: “Vil ke papa m te pran nan men papa ou yo, mwen va remèt yo e ou va fè ri yo pou ou menm nan Damas, tankou papa m te fè nan Samarie a.” Achab te di: “Epi mwen va kite ou ale avèk akò sila a.” Konsa, li te fè yon akò avèk li e te kite li ale.


Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.


Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt, se konsa yon mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo, paske li rafrechi nanm a mèt li yo.


“Konsa, mèt la te fè konpliman a jeran enjis la, paske li te aji avèk yon koken sajès. Paske fis a laj sila yo pi koken nan relasyon a moun parèy yo pase fis a limyè yo.


Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.


跟着我们:

广告


广告