Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 20:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: “Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’” Epi li te di: “Èske li toujou vivan? Li se frè m.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Se konsa yo mete rad sak sou yo tankou moun ki nan lapenn, yo plotonnen moso kòd nan kou yo, y'al jwenn Akab, yo di l konsa: — Bennadad voye di ou, monwa, se esklav ou li ye. Tanpri, pa touye l. Akab reponn: — An! Mesye vivan toujou. Mwen byen kontan! Se yon frè li ye pou mwen wi!

参见章节 复制




1 Wa 20:32
12 交叉引用  

Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.”


Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” Epi li te di: “Ale, mennen li.” Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a.


Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’”


Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”


Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li.


跟着我们:

广告


广告