Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 20:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Alò, yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, wa Izrayèl la, li di l konsa: — Men mesay Senyè a voye ba ou: Paske moun Siri yo di se yon bondye mòn mwen ye, mwen pa konn tè plat, mwen pral lage tout gwo lame sa a nan men ou. Konsa w'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

参见章节 复制




1 Wa 20:28
32 交叉引用  

Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo.


Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an.


Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”


Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm.


Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”


Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’”


Konsa, yo te fè kan an, youn kont lòt, pandan sèt jou. Epi nan setyèm jou a, batay la te ouvri e fis Israël yo te touye nan Siryen yo san-mil sòlda apye nan yon sèl jou.


Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.


“Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”


“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.


“Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”


“Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a.


Se kilès pami tout dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’”


Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.


Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”


Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta vin degrade nan zye a nasyon pami sila yo te rete yo, nan zye a sila Mwen te fè Mwen menm rekonèt a yo, lè M te fè yo sòti nan peyi Égypte la.


Se pa pou koz nou ke m ap fè sa,” deklare Senyè BONDYE a: “Ke nou byen konprann sa a. Rete wont e twouble akoz chemen nou yo, O lakay Israël!”


“‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la.


Konsa, pami tout abitasyon yo, Mwen va lonje men m kont yo, fè peyi a vin pi dezole e abandone, depi dezè a ki pase vè Dibla a, jis rive nan tout abitasyon yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an.


si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’


跟着我们:

广告


广告