Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 20:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Nan fen ane a, Ben-Hadad te ranmase Siryen yo e te monte nan Aphek pou goumen kont Israël.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Ennan apre, dat pou dat, li reyini tout sòlda moun peyi Siri yo, li mennen yo jouk lavil Afèk pou y'al atake moun peyi Izrayèl yo.

参见章节 复制




1 Wa 20:26
10 交叉引用  

Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem.


Alò, pwofèt la te pwoche wa Israël la e te di li: “Ale, ranfòse ou menm e okipe pou wè sa ou gen pou fè; paske nan fen ane a, wa a Syrie va vin monte kont ou.”


epi rasanble yon lame tankou lame ke ou te pèdi a, cheval pou cheval e cha pou cha. Nou va goumen kont yo nan plèn nan e asireman, nou va pi fò pase yo.” Epi li te koute vwa yo e te fè l konsa.


Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la nan yon chanm enteryè.


Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske ou va bat Siryen yo nan Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”


Nan sid, tout teritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo;


Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo.


Aser pa t chase mete deyò pèp a Acco yo, ni pèp a Sidon yo, ni sila a Achlal yo, ni a Heba, ni a Aczib, ni a Rehob yo.


Alò, Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la.


Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.


跟着我们:

广告


广告