Alò, Ben-Hadad, wa Syrie a, te ranmase tout lame li a. Te gen trann-de wa avèk li, avèk cheval ak cha. Li te monte fè syèj sou Samarie e li te goumen kont li.
Alò, sèvitè a wa Syrie a te di li: “dye pa yo se dye mòn yo ye. Pou sa, yo te pi fò pase nou. Men pito ke nou fè lagè kont yo nan ba plèn nan e asireman, nou va vin pi fò pase yo.
epi rasanble yon lame tankou lame ke ou te pèdi a, cheval pou cheval e cha pou cha. Nou va goumen kont yo nan plèn nan e asireman, nou va pi fò pase yo.” Epi li te koute vwa yo e te fè l konsa.