Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 20:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, li te rasanble jennonm a chèf pwovens yo, te gen de-san-trann-de. Apre yo, li te rasanble tout pèp la; menm tout fis Israël yo, sèt-mil.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Lamenm, wa a fè rele jenn sòlda ki te sou lòd gouvènè pwovens yo. Li jwenn desantrannde (232) sòlda antou. Apre sa, li fè rele tout lame pèp Izrayèl la, li jwenn sètmil (7.000) gason.

参见章节 复制




1 Wa 20:15
11 交叉引用  

Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”


Epi Achab te di: “Pa kilès?” Epi li te di: “Pa jennonm ki se chèf a pwovens yo.” Epi Achab te di: “Se kilès ki pou louvri batay la?” Epi li te reponn: “Ou menm”.


Yo te sòti a midi, pandan Ben-Hadad t ap bwè jiskaske li sou nan tonèl pwovizwa avèk trann-de wa ki te ede li yo.


Pou sa, Li te kite pou Joachaz yon lame ki pa t plis ke senkant chevalye avèk dis cha e di-mil sòlda apye; paske wa Syrie a te detwi yo e te fè yo vin tankou pousyè vannen.


Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”


Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.


Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.


SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou. Pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.”


Saül te rete nan zòn andeyò Guibea anba pye grenad la nan Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye.


Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”


跟着我们:

广告


广告