Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)
Pou sa, wa a te voye rele Schimeï e te di li: “Èske mwen pa t fè ou sèmante pa SENYÈ a, e avèti ou solanèlman pou di ou ke: ‘Ou va konnen byensi nan jou ke ou sòti, ale nenpòt kote ke ou va, anverite, mouri’? Epi ou te di mwen: ‘Pawòl ke mwen tande a bon.’
Wa a te osi di a Schimeï: “Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou.