Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 2:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Paske nan jou ke ou sòti travèse dlo Cédron an, ou mèt konnen byensi ke anverite, ou va mouri. San ou va sou pwòp tèt pa ou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

37 Mwen tou pale ou, jou ou sòti kite lavil la, jou ou janbe lòt bò ravin Sedwon an, w'ap mouri wi. Mwen ki di ou sa. Se ou menm ki va reskonsab nenpòt sa ki va rive ou.

参见章节 复制




1 Wa 2:37
13 交叉引用  

David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’”


Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a.


Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.


Wa a te di li: “Fè sa ke li te pale a. Tonbe sou li, e antere li, pou ou kapab fè sòti sou mwen ak sou lakay papa m san ke Joab te vèse san koz la.


Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.”


Alò, Schimeï te di a wa a: “Pawòl la bon. Jan mèt mwen an, wa a te pale a, se konsa sèvitè ou va fè.” Konsa, Schimeï te viv Jérusalem pandan anpil jou.


Li te fè mete deyò Astarté la soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la.


Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an.


“Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”


te prete lajan sou enterè pou l pran benefis sou malere; èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.


“‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.


Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.


Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li.


跟着我们:

广告


广告