Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 2:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Wa a te di li: “Fè sa ke li te pale a. Tonbe sou li, e antere li, pou ou kapab fè sòti sou mwen ak sou lakay papa m san ke Joab te vèse san koz la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Wa a reponn: — Fè jan li di ou la. Touye l, lèfini, antere l. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo.

参见章节 复制




1 Wa 2:31
11 交叉引用  

Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a.


Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.”


Konsa, Benaja te rive nan tant SENYÈ a. Li te di li: “Konsa wa a te di: ‘Sòti deyò.’” Men li te di: “Non, paske mwen va mouri isit la.” Benaja te pote bay wa a yon pawòl ankò, e li te di: “Konsa Joab te pale e konsa li te reponn mwen.”


‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan teren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan teren an, selon pawòl SENYÈ a.”


Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.


Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun va yon fijitif jiskaske li mouri. Pinga pèsòn ba li soutyen.


“‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an.


Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”


跟着我们:

广告


广告