Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 2:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Senyè a: — Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l mande m la a!

参见章节 复制




1 Wa 2:23
14 交叉引用  

Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt nan plas Joab.’”


Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”


Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li,


Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”


Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.”


Konsa, li te di: “Ke Bondye fè m sa, e menm plis, si tèt a Élisée, fis a Schaphath la rete sou kò li jodi a.”


Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.


Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.


Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


“Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?


Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”


Saül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, Jonathan, ou oblije mouri.”


跟着我们:

广告


广告