Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 18:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Akab te di Abdyas: — Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.

参见章节 复制




1 Wa 18:5
11 交叉引用  

paske lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.)


Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li.


Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi pou zèv a lòm nan, pou li kab fè manje sòti nan tè a,


Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo. Yo rive nan sitèn yo, men nanpwen dlo. Yo te retounen ak veso yo vid. Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.


Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj! Twoupo bèf yo ap gaye toupatou, paske pa gen patiraj pou yo. Menm bann mouton yo ap soufri.


Menm bèt chan yo rele vè Ou menm; paske sous dlo yo fin seche e dife a te devore tout patiraj nan savann yo.


Pa pè, nou menm bèt chan yo; paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, paske pyebwa a vin bay fwi li. Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.


Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan yon lòt pou bwè dlo, men yo pa t satisfè; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen, deklare SENYÈ a.


Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,


跟着我们:

广告


广告