Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 18:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Alò, men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 Pouvwa Senyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.

参见章节 复制




1 Wa 18:46
15 交叉引用  

Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a.


Yo te reponn li: “Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.” Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”


Men koulye a, mennen ban mwen yon mizisyen.” Epi li te vin rive ke lè mizisyen an te jwe, men SENYÈ a te vini sou Elisée.


Alò, li te di a Guéhazi: “Mare senti ou, pran baton mwen nan men ou pou al fè wout ou. Si ou rankontre nenpòt moun, pa salye li, e si nenpòt moun salye ou, pa reponn li. Al mete baton mwen an kouche sou figi gason an.”


Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e pran bokal lwil nan men ou pou monte Ramoth-Galaad.


Alò, mare senti ou tankou gason, M ap mande ou e ou va enstwi M!


Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò.


Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di:


“Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.


Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)


Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen.


Yo reponn Li: “Se pou César”. Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”


Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a.


Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—


Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.


跟着我们:

广告


广告