Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 18:45 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote Jizréel.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

45 Yon sèl kou a, syèl la vin sonm. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute cha li. L'ale Jizreyèl.

参见章节 复制




1 Wa 18:45
12 交叉引用  

Li te fè li wa sou Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la.


Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.


Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a.


De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: “Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la.


Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram.


Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.


epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann.


Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.


Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”


Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem,


Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la.


跟着我们:

广告


广告