Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 18:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Lè sa a, Eli di yo: — Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.

参见章节 复制




1 Wa 18:40
17 交叉引用  

Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.”


Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe.


Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a.


Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.


Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kase an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo.


Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt.


“Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.


Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.


“Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen),


Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’


Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.


Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.


Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon.


Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e mwen va mete li nan men ou.”


Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale, ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an. O nanm mwen mache avanse ak fòs.


跟着我们:

广告


广告