Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 18:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l la. San t'ap koule sou yo konsa.

参见章节 复制




1 Wa 18:28
9 交叉引用  

Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”


Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li. Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis, li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”


Gaza vin chòv; Askalon te fin detwi nèt. O retay vale yo! Pandan konbyen de tan nou va blese pwòp chè nou?


“‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.


Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo? Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay pou zak rebelyon mwen yo? Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?


Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’


Konsa, tout tan, lajounen kon lannwit, pami tonm yo ak nan mòn yo, li t ap kriye fò e t ap blese kò l avèk wòch.


Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”


“Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò.


跟着我们:

广告


广告