Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 18:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz ou te abandone lòd SENYÈ yo pou ou te swiv Baal yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Eli reponn li: — Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Senyè a te bay, n'al adore zidòl Baal yo.

参见章节 复制




1 Wa 18:18
23 交叉引用  

Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.


Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan kay Baal ke li te bati Samarie a.


Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.


Li te aji byen abominab nan swiv zidòl li yo, selon tout sa ke Amoreyen yo te fè, ke SENYÈ a te mete deyò devan fis Israël yo.


Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a.


Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.


Se malè ki kouri dèyè pechè yo; men moun dwat yo va pwospere.


Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan; men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Malè a mechan an! Sa prale mal pou li. Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.


Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


“Anplis, pami pwofèt Samarie yo, Mwen te wè yon betiz. Yo te pwofetize pa Baal e yo te egare pèp Mwen an, Israël.


Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”


Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo.


Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm.


Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.


Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la,


SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.


Alò, Jonathan te di: “Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a.


跟着我们:

广告


广告