Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.
Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.
Konsa, li te di yo: “Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje. Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.” Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan.