Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 17:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Madanm lan reponn: — Kounyeya mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

参见章节 复制




1 Wa 17:24
14 交叉引用  

Men pawòl Bondye te vini a Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di:


Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.”


Epi li te di: “Nan sezon sila nan ane k ap vini an, ou va anbrase yon fis.” Epi li te reponn: “Non, mèt mwen, O nonm Bondye a, pa bay manti a sèvant ou.”


Fanm nan te di a mari li: “Gade byen, mwen apèsi ke sa se yon nonm sen a Bondye k ap pase bò kote nou tout tan.


Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk.


e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”


Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”


Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.


Koulye a nou konnen ke Ou konnen tout bagay, e pa bezwen moun mande Ou anyen. Akoz sa, nou kwè ke Ou soti nan Bondye.”


Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.


Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”


Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.


Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.


跟着我们:

广告


广告