Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou—
Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan.
Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.
Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou.