Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 15:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li ak nan peche avèk sila li te fè Israël peche a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Li fè sa ki mal nan je Senyè a. Tankou papa l, li pat mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.

参见章节 复制




1 Wa 15:26
20 交叉引用  

Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:


Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”


Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.


Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche.


Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo.


Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.


Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la ak tankou lakay Baescha, fis Achija a, akoz pwovokasyon avèk sila li te pwovoke M a lakòlè a, e akoz ou te fè Israël peche.”


Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a.


“Akoz Manassé, wa Juda a, te fè abominasyon sila yo, e te fè plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te fè Juda peche avèk zidòl pa li yo;


Anplis, lotèl ki te Béthel la avèk wo plas ke Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a, menm lotèl sila a avèk wo plas la a li te kraze. Epi li te kraze wòch li yo, li te moulen yo jis yo te fè poud e li te brile Astarté la.


Sepandan, li te kenbe rèd a peche Jéroboam, fis a Nebat la. Avèk sila li te fè Israël peche a. Li pa t kite yo.


Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.


Non, fis mwen yo, rapò ke m tande sikile pami pèp la pa bon.


跟着我们:

广告


广告