Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 14:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija, lavil Silo. Akija te granmoun anpil. Li te fin avèg nèt.

参见章节 复制




1 Wa 14:4
12 交叉引用  

Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”


Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.


Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an.


Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la.


Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.


nan jou ke gadyen kay la tranble a, e mesye pwisan yo vin koube a. Lè sa yo k ap moule a rete san travay akoz anpil nan yo ki manke, e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.


Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli.


Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.


Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen),


Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè.


跟着我们:

广告


广告