Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 14:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj lò Salomon te fè fè yo.

参见章节 复制




1 Wa 14:26
12 交叉引用  

Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:


Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.


Joas, wa Juda a, te pran tout bagay sen ke Josaphat, Joram, ak Achazia, zansèt li yo te konsakre yo ak afè sen pa li yo ak tout lò ki te twouve pami trezò lakay SENYÈ a e li te voye yo bay wa Hazaël, wa Syrie a. Epi Hazaël te kite Jérusalem.


Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.


Li te pote fè sòti depi la, tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a. Li te koupe an mòso tout veso lò ke Salomon, wa Israël la, te fè nan tanp SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te di a.


Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.


Depi ou mete zye ou sou li, l ale. Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg k ap vole vè syèl yo.


跟着我们:

广告


广告