Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 14:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Jewoboram di madanm li: — Abiye ou yon jan pou pèsonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete. Se li ki te di m mwen ta pral gouvènen pèp Izrayèl la.

参见章节 复制




1 Wa 14:2
12 交叉引用  

Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.


Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad.


Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li.


Konsa, pwofèt la te pati e te tann wa a akote chemen an e li te kache idantite li avèk yon bandaj ki te kouvri zye li.


Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.


Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la.


Li te fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt.


“Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen.


Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.


Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: “Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.”


跟着我们:

广告


广告