Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 14:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Senyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Senyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.

参见章节 复制




1 Wa 14:15
32 交叉引用  

Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou te fè pou ou menm lòt dye avèk imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou—


Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.


epi la, yo te brile lansan sou tout wo plas yo jis jan nasyon ke SENYÈ a te pote fè ale an egzil yo te konn fè avan yo. Yo te fè bagay mal ki te pwovoke SENYÈ a.


Yo te bliye nèt tout kòmandman a SENYÈ a, Bondye pa yo a e yo te fè pou kont yo imaj fonn a ti bèf yo menm, te fè yon Astarté, yo te adore tout lame selès la e yo te sèvi Baal.


Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.


jiskaske SENYÈ a te retire Israël soti devan vizaj Li, jan Li te pale pa tout sèvitè Li yo, pwofèt yo. Konsa, Israël te pote lwen an egzil soti nan pwòp peyi pa yo pou Assyrie jis rive jou sa a.


alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.


Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan


men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, e moun trèt yo va dechouke de li.


Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”


Pwofèt ki te avan mwen yo, e avan ou depi nan tan ansyen an, te pwofetize kont anpil peyi e kont gwo wayòm, pou lagè, pou kalamite ak envazyon ensèk ki ta ravaje peyi yo.


Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo.


Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.


“Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.


Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e Ékron va vin dechouke.


Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van?


Men Li te reponn yo e di: “Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache.


Lè mesaje a Jean yo te sòti, Li te kòmanse pale a foul la sou Jean: “Kisa nou te ale nan dezè a pou wè? Yon wozo k ap souke pa van?


Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la, ak zetwal a dye Remphan an; imaj ke nou te fè pou adore yo. Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’


“SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch.


Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an va peri.”


跟着我们:

广告


广告