Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 14:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Senyè a menm ki di sa.

参见章节 复制




1 Wa 14:11
14 交叉引用  

Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a.


Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la.


Veye byen, Mwen va manje Baescha nèt avèk lakay li e Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la.


Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”


Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’”


Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e tankou lakay Basha, fis Achija a.


Glwa a SENYÈ a va vin parèt, e tout chè va wè sa ansanm; paske bouch a SENYÈ a fin pale.”


“Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”


“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.


Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.


Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?


跟着我们:

广告


广告