Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 12:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pat nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.

参见章节 复制




1 Wa 12:31
14 交叉引用  

Alò, lè li t ap prale, yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a.


Paske yo tou te bati pou yo menm wo plas yo, pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt.


Konsa, youn nan prèt ke yo te pote ale an egzil soti Samarie yo te vin viv Béthel, e li te enstwi yo jan yo te dwe gen lakrent SENYÈ a.


Men chak nasyon te toujou fè dye pa li e te mete yo lakay yo sou wo plas ke pèp Samarie a te konn fè yo, chak nasyon nan vil pa yo kote yo te viv la.


Yo te gen lakrent osi a SENYÈ a, e yo te chwazi pami yo menm prèt a wo plas yo, ki te aji pou yo nan kay wo plas yo.


Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.


Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an.


Èske gen inikite nan Galaad? Anverite, yo tout san valè. Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.


Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.


Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.”


Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.


跟着我们:

广告


广告