Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 12:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l konsèy fè a. Li di yo: — Papa m t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m bat nou.

参见章节 复制




1 Wa 12:14
20 交叉引用  

Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a.


Yo te vin fòse fis Israël yo travay di.


Yo te fè vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.


Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.


Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.


Ògèy ale devan destriksyon e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.


Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.


Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan.


Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo, ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè mèt mwen yo.


Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a. Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a.


Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an.


Men si nou gen jalouzi, fachez ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a.


跟着我们:

广告


广告