Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 11:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 akoz yo te abandone Mwen e te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Salomon vire do ban mwen, l'al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Mowab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l, te fè l la.

参见章节 复制




1 Wa 11:33
20 交叉引用  

“‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo,


Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a.


Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te vin parèt a li de fwa.


e akoz Mwen te chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen.


Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va pwolonje jou ou yo.”


Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’


Konsa, li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a.


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo, malgre, se pa dye yo te ye? Men pèp Mwen an te fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.


Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.


Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.


Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.


Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo. Kite li pou kont li.


sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom,


Malè a nou menm, O Moab! Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.


Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: “Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.”


跟着我们:

广告


广告