Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 11:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 (men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo),

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m pa m lan.

参见章节 复制




1 Wa 11:32
6 交叉引用  

Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo.


Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.”


Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit.


Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.


Pou sa, SENYÈ a te byen fache avèk Israël e Li te retire yo devan zye Li. Okenn moun pa t rete sof tribi Juda a.


跟着我们:

广告


广告