Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Yo te leve soti Madian, pou rive Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Yo kite lavil Madyan, yo pase lavil Paran. Antan yo la, yo pran kèk gason avèk yo, yo desann peyi Lejip bò kote wa peyi a. Farawon an ba li yon kay pou l rete ak yon pòsyon tè pou l travay. Lèfini li ba li manje.

参见章节 复制




1 Wa 11:18
15 交叉引用  

Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a.


Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la.


Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach.


Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo.


Se nan moman sa a ke Hadad te sove ale rive an Égypte, li menm avèk kèk Edomit ki te sèvitè a papa li avèk li, pandan Hadad te jenn gason.


Alò, Hadad te twouve gran favè devan Farawon. Konsa, li te ba li nan maryaj, sè a pwòp madanm li, sè a Thachpenès, rèn nan.


Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.


Bondye soti nan Théman; Sila ki Sen an soti nan Mòn Paran. Tan Bèlte Li kouvri syèl la, e tè a vin plen ak lwanj Li.


Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.


Moab te di a ansyen yo a Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.” Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a.


Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo.


paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”


Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a.


Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab.


Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.


跟着我们:

广告


广告