Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Wa 1:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Kounyeya, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y'ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fòtèy la apre ou.

参见章节 复制




1 Wa 1:20
11 交叉引用  

Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale, Pawòl pa Li te sou lang mwen.


Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a.


Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”


Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”


Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.


O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”


Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.


Zye m toujou vè SENYÈ a, paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.


Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou.


跟着我们:

广告


广告