Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Men nou menm, frè m yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 5:4
17 交叉引用  

alò, nepe ke nou vrèman krent lan va rive pran nou nan peyi Égypte la, epi grangou ke nou krent anpil la, va swiv nou de prè an Égypte, e la nou va mouri.


O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. Se la yo te kanpe! Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.


Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”


Anverite Mwen di nou, l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”


Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.


pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’


Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan.


“Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou.


“Konsa tout madichon sa yo va vini sou nou pou pran nou jiskaske nou fin detwi, akoz nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kenbe Kòmandman Li yo ak lwa Li yo, ke Li te kòmande nou.


Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a.


Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.


Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.


Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.


跟着我们:

广告


广告