Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Pa etenn Lespri Sen an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Pa antrave travay Sentespri a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Pa antrave travay Sentespri a.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 5:19
13 交叉引用  

Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”


Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.


Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.


Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, ni rivyè p ap ka inonde l. Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, sa ta konplètman meprize.


Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.


“Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.


Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.


Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an.


e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.


Pa meprize pawòl pwofetik yo.


Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.


Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.


Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”


跟着我们:

广告


广告