Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 5:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 5:14
40 交叉引用  

Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.


Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.


Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo ak madanm yo ansanm; paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.


“Mwen va chache sila ki pèdi yo, mennen fè retounen sila ki gaye yo, panse sila ki blese yo, e ranfòse sa ki te malad. Men sila ki gra ak gwo fòs yo, Mwen va detwi yo. Mwen va bay yo manje nan jistis.”’


Yon wozo brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji k ap toufe, Li p ap tenyen, jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.


Men Mwen tepriye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.”


Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout volonte a Bondye a nèt.


Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou avèk dlo nan zye m.


Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.


Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen.


Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.


Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite


avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou,


Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.


Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus.


Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.


Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan.


Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.


Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.


Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo,


Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.


Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,


Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.


跟着我们:

广告


广告