Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. Viv nan lapè avèk youn lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou. Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 5:13
21 交叉引用  

Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”


Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!


Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an.


“Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”


“Sa Mwen kòmande nou, pou nou renmen youn a lòt.


Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.


Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.


Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite


Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.


nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.


Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan.


Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.


Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!


Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.


Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.


Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.


跟着我们:

广告


广告