Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Jezi te mouri pou n te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè l'a vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 5:10
21 交叉引用  

Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”


“Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.


Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.


“Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò.


Pa gen pi gran amou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.


Kilès ki k ap kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.


Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,


Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.


Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.


Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.


Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.


Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.


ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.


“Sa se yon vrè pawòl: Paske si nou te mouri avèk Li, nou va osi viv avèk Li.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


跟着我们:

广告


广告