Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 4:9
30 交叉引用  

Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!


Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, ki te rale ouvri syèl yo e te poze fondasyon latè yo? Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, pandan l ap prepare pou detwi? Men ki kote kòlè opresè sila a?


“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”


Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.


Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.


Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.


Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun.


Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.


Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ministè sa a pou sen yo,


Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Bondye va osi revele sa a nou.


Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.


“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo apre jou sa yo, di Senyè a; Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” Li di answit:


Kite lanmou pou frè yo kontinye.


Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.


Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.


Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.


Sila ki renmen frè li se nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li.


Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon lòt.


Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.


Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye, dwe renmen frè li tou.


跟着我们:

广告


广告