1 Tesalonisyen 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a. 参见章节1998 Haïtienne6 Nan bagay sa a, okenn gason pa dwe aji kont enterè frè li, ni fè li lenjistis. Mwen deja ban nou kont avètisman sou sa: Senyè a ap pini moun ki aji konsa. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil6 Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo. 参见章节 |
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.