Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 4:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Frè m yo, sou kèsyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Senyè a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Nou pa ta vle pou n nan lapenn konsènan moun sa yo ki mouri deja, pou ou pa aflije menm jan ak sila yo ki pa gen okenn espwa.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 4:13
35 交叉引用  

Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.


Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”


Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”


Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.


Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


“‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.


sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li,


Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve.


Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”


“Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.


Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.


Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.


Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.


Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.


Alò, konsènan don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo.


Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri.


Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou.


sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.


Pami yo, nou tou te konn viv nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo.


Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.


Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.


Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.


Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.


epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”


Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou.


跟着我们:

广告


广告