Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Mwen pa konn ki jan pou m di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m kontan devan li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 3:9
17 交叉引用  

Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ aki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a.


Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a.


Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni.


Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a Pou tout bonte Li anvè mwen?


Men kite moun ladwati yo fè kè kontan. Kite yo leve wo devan Bondye. Wi, kite yo rejwi avèk kè kontan.


Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.


Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.


Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.


“Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo.


Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an.


Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a.


跟着我们:

广告


广告