Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 3:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bòn nouvèl Kris la. Li te gen pou l te fòtifye nou, pou l te ankouraje nou nan lafwa,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 3:2
24 交叉引用  

Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk.


Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.


Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la.


Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen.


Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.


Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.


Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo:


Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm.


Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a,


mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.


Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la.


Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa.


Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an


menm jan ke nou te aprann de Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou,


Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.


Epi avèk li Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.


Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.


Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.


rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.


跟着我们:

广告


广告