Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 2:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 2:13
41 交叉引用  

“Pou mesaj ke ou te pale nou nan non SENYÈ a, nou p ap koute ou!


Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.


Paske se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.


Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an.


Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”


Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la.


“Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.


Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”


“Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an.


Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.


E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.


Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.”


Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.


Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo.


Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.


Alò, lè yo te tande de rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.


Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.


Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo.


Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.


Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.


Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.


ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a;


Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.


Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.


men pawòl Senyè a dire pou tout tan.” E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.


epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali,


pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.


Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.


跟着我们:

广告


广告