Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




1 Tesalonisyen 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesay Senyè a. Se pa sèlman nan Masedwàn ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò.

参见章节 复制




1 Tesalonisyen 1:8
20 交叉引用  

Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo.


Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.


A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”


Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.


Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan chèz jijman an.


Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond.


Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo.


Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal.


Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?


Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote.


Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye.


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.


Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an,


Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute.


Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone.


Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi ou konnen ke temwen nou vrè.


Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


跟着我们:

广告


广告